Accessibility links

Breaking News

Prezidan Donald Trump Pral Vizite Pòtoriko Madi 3 Oktòb 2017 la


Yashira Gomez, prezidan kominote manm La Perla community a kap montre dega siklòn Maria fè nan San Juan, Pòtoriko 25 septanm, 2017.
Yashira Gomez, prezidan kominote manm La Perla community a kap montre dega siklòn Maria fè nan San Juan, Pòtoriko 25 septanm, 2017.

Lidè ameriken an anonse li prale Pòtoriko 2 semèn apre teritwa a te sibi gwo devastasyon anba Siklòn Maria.

Prezidan Donald Trump, ki te pran lapawòl nan jounen madi 26 septanm 2017 la, anonse li pral vizite Pòtoriko nan 8 jou, swa madi 3 oktòb 2017 la, 2 semèn apre tèritwa ameriken an te sibi gwo devastasyon anba Siklòn Maria.

Prezidan Trump di li chwazi jous madi 3 oktòb la pou l ale sou il la yon fason pou l pa deranje travay sekouris yo ap fè sou teren pou yo ede moun ki viktim anba Maria yo, yon siklòn kategori 5. Misye Trump fè konnen gouvènman federal la deja voye anpil asistans bay popilasyon sinistre a:

Nou voye yon gwo kantite manje, dlo ak materyèl nan Pòtoriko. Nou kontinye fè sa chak èdtan ki pase; men il la te sibi pi gwo frap yon moun kapab imajine.”

Nan jounen lendi 25 septanm nan, Prezidan Trump te pibliye divès mesaj sou kont Twitter li pou l di si Pòtoriko sibi gwo dega sevè anba Siklòn Maria, se paske enfrastrikti tèritwa a pa gen repondong ase.

XS
SM
MD
LG