Accessibility links

Breaking News

Ayiti ann ‘Alèt Wouj’ e Tout Lekòl Fèmen pou 3 Jou Akoz Menas Siklòn Irma

Pakou siklòn Irma
Pakou siklòn Irma

Ann Ayiti, otorite yo mande popilasyon an pou l swiv tout konsiy pandan pasaj siklòn Irma a ki kab frape plizyè depatman nò peyi a. Pandanstan, otorite yo fèmen lekòl soti mèkredi 6 septanm jiska vandredi. Christnette Saint George, pòt pawòl Inite Idwo Meteowolojik Ayiti a, di Lavwadlamerik Irma kapab frape plis pati nò ak lòt kote ann Ayiti seryezman vè jedi 7 septanm nan.

Yon foto ki montre plaj sou Bè Nettle nan Marigot kote van ap vante a k fòs pandan pasaj siklòn Irma nan zòn nan.
Yon foto ki montre plaj sou Bè Nettle nan Marigot kote van ap vante a k fòs pandan pasaj siklòn Irma nan zòn nan.

Pou lemoman, Irma ap vanse sou zile sou le van yo. Byen bonè mekredi 6 septanm 2017 la li pote ak li van kategori 5 li, tanpet danjre ak anpil lapli direkteman sou Barbuda.

Sant Nasyonal Ouragan Lezetazini an di espesyalis yo atann aske Irma vanse tou pre Anguiy ak nan zil Vyèj Britanik yo pandan la jounen a anvan li ale tou pre Pòtoriko bonè aswè a.

Gouvène Florid la, Rick Scott di, “Plizye depatman nan eta sa a pral komanse pwosesis evakyasyon obligatwa jodi mekredi a."

Yon achtè nan yon makèt ki rele Sedano kap gade etajè yo kip prèske vid nan Ti Havana nan Miami, Florid, 5 septanm 2017. Nan kad preparasyon pou pasaj move tan an moun nan MIami, Florid achte tout pwovizyon yo te ka bezwen. Tout makèt prèske vid.

Yo pral evakye Moun ki gen bezwen espesyal nan Miami Bay a pati jodi mèkredi a, pou site deklarasyon Gouvènè Scott. Responsab Miami Dade County yo deja konseye rezidan yo pou yo komanse evakye. Tout moun dwe suiv direksyon otorite lokal yo sou evakyasyon yo. Si gen yon lòd evakyasyon nan zòn ou an tanpri suiv li. Sonje byen nou ka rebati kay ou men nou paka rekreye vi-ou.

Kominote ayisyèn nan Florid ap fè fas ak 2 alèt pou kounye a. Pandan yap chache mete tèt yo alabri, yap panse tou ak fanmi yo ki kapab andanje ann Ayiti.

XS
SM
MD
LG