Nan Venezuela , Prezidan Hugo Chavez pase lòd pou gouvènman an pran kontwòl operasyon lokal konpayi ki fè boutèy e ki gen baz li Ozetazini.
Prezidan Chavez fè anons natiralizasyon enstalasyon Owens-Illinois la pandan yon diksou televise k li fè nan sware 25 oktòb 2010 la.
Mesye Chavez di konpayi a eksplwate travayè venezuelyen yo epi li andomaje anviwonmna an.
Konpayi sa a twouve l nan Trujilo , yon eta nan pati lwès peyi a.
Prezidan Chavez di ankò , li déjà pran desizyon fèm pou nasyonalize kèk konpayi nan plizyè sektè pami yo petwòl , siman , kominikasyon , elektrisite san bliye sektè bankè a.
Kritik yo di lidè venezuelyen an ap eseye repwodui model kominis Kiba a nan Venezuela , men mesye Chavez di l ap travay pou amelyore kondisyon lavi majorite ki pòv nan peyi a .
Konpayi Owens-Illinois gen operasyon nan plizyè rejyon nan Amerik la e nan plizyè douzèn lòt peyi .