Accessibility links

Breaking News

“Houston, Misyon Akonpli” Deklarasyon Kòmandan Dènye Misyon Navèt Espasyal Atlantis


Navèt espasyal ameriken Atlantis retounen sou latè apre yon vwayaj nan lespas ki mete fen nan 30 tan pwogram navèt La Naza a
Navèt espasyal ameriken Atlantis retounen sou latè apre yon vwayaj nan lespas ki mete fen nan 30 tan pwogram navèt La Naza a

Navèt espasyal ameriken Atlantis retounen sou latè apre yon vwayaj nan lespas ki mete fen nan 30 tan pwogram navèt La Naza a. Aparèy la touche tè nan Sant Espasyal Kennedy a ki nan pati sid eta Florid, jedi 21 jiyè 2011 la a 5 kè 56 di maten. Misyon 13 jou navèt la t al akonpli nan lespas la, sete 33èm misyon aparèy la ki pase 26 zan ap patisipe nan pwogram espasyal Lèzetazini an. Aprè kòmandan misyon an, kaptenn Chris Ferguson, te fin fè navèt la ateri, li te pale ak sant espasyal La Naza genyen nan Houston, Eta Tegzas, pou l di :

« Houston, misyon akonpli. Aprè navèt espasyal la te de sèvis pandan plis pase 30 tan pou l te pran plas li nan listwa, finalman li kanpe pou la dènye fwa. »

Madi 19 jiyè pase a, manm ekipaj Atlantis la te fè aparèy la detache ak estasyon espasyal entasyonal la aprè yo te pase 8 jou ap vizite estasyon an pou yo te fè livrezon anpil pwovizyon, tankou materyèl, zouti ak manje, ranmase fatra pou pote desann sou latè, epi wete ekipman ki p ap sèvi ankò pou retounen avèk yo sou planèt nou an. Kounyela a Atlantis pran retrèt li e yo pral ekzpoze li nan Sant Espasyal Kennedy a.

XS
SM
MD
LG