Accessibility links

Breaking News

Ayiti Salye Prezidan Venezyelyen an Nicolas Maduro ki Eli yon Lòt Fwa pou 6 Zan


Seremoni sou plas Hugo Chavez nan Pòtoprens pou komemore misyon espedisyon "Los Cayos" la kote Ayiti an 1816 sou Prezidan Alexandre Petion te al ede plizyè peyi nan amerik latin nan goumen pou endepandans yo. Foto: 31 mas 2016.
Seremoni sou plas Hugo Chavez nan Pòtoprens pou komemore misyon espedisyon "Los Cayos" la kote Ayiti an 1816 sou Prezidan Alexandre Petion te al ede plizyè peyi nan amerik latin nan goumen pou endepandans yo. Foto: 31 mas 2016.

Plizyè peyi nan Amerik la ak ann Ewop rejte rezilta eleksyon prezidansyèl Venezyela a kote Prezidan Nicolas Maduro kap fè fas yon seri soulèvman politik reeli nan wikenn pase a ak plis pase 68 pousan vwa yo pou yon lòt manda 6 zan.

Etazini se yon nan peyi ki reyaji sou ekeksyon prezidansyèl repiblik bolivaryèn nan kote otorite amerikèn fè konnen rezilta yo pa lejitim epi anonse plis sanksyon sou Venezyela.

Ayiti bò kote pal te toujou gen bon relasyon ak Venezyela. Sa pa gen lontan Prezidan Maduro te resevwa Prezidan ayisyen an Jovenel Moïse nan Karakas avèk onè militè.

Minis afè etranjè Ayiti a Antonio Rodrigue nan yon entèvyou tou kout ak jounal Le Nouvelliste deklare gouvènman ayisyen an salye viktwa Prezidan Nicolas Maduro a. Minis la ajoute pou l di, se pa dwa peyi Dayiti pou li evalye ekesyon yon lòt peyi.

Inyon Ewopeyèn, Espay, Kanada ak Brezil kondane rezilta eleksyon prezidansyèl Venezyela a ki dapre yo pa respekte nòm demokratik yo.

XS
SM
MD
LG