Accessibility links

Breaking News

Plizyè Sektè Kontinye Reyaji Kont Swadizan Mo Vilgè Prezidan Ameriken an Ta Di Kont Ayiti


Manifestasyon nan Pòtoprens Kont Mo Vilgè Prezidan Ameriken an Ta Di Kont Ayiti
please wait

No media source currently available

0:00 0:03:32 0:00

Manifestasyon nan Pòtoprens

Ann Ayiti, yon gwoup nan opozisyon politik la òganize yon mach nan Pòtoprens lendi 22 janvye 2018 la pou pwoteste kont move pwopo Prezidan ameriken an, Donald Trump, ta di kont ayisyen, afriken, ak moun ki soti nan peyi Salvadò.

Yon jou apre lè moun te fin aprann nouvèl sa a Ozetazini ke ajans nouvèl Washington Post te pibliye, manifestasyon te detewoule nan Miami ak nan New York kote moun yo tap mande lokatè Mezon Blanch la pou l pa trete ayisyen tankou vye bagay.

Tout fwa, Prezidan Trump te ekri sou kont Twitter li kote li di li pat jann di anyen mal kont ayisyen sèlman Ayiti se yon peyi ki pòv anpil. Prezidan an admèt li te itilize yon langag ki di pandan dyalog li sou imigrasyon ak palmantè yo nan Lamezon Blanch, men li rejete pawòl kèk plamnatè ki fè kwè li te itlize yon langaj vilgè kont Ayiti.

Klike sou videyo a ki anlè tèks la pou plis detay.

XS
SM
MD
LG