Accessibility links

Ayiti-Etazini: Demand Anbasadè Paul Altidor pou Renouvèlman TPS la pou Ayisyen yo

  • Ekip Sèvis Kreyòl VOA

Yon gwoup moun ki idantifye tèt yo kòm ayisyen ki soti Etazini e kap mande azil sou fwontyè Kanada. 7 out 2017. (Foto: REUTERS/Christinne Muschi)

Men yon pati nan lèt Anbasadè Ayiti a Ozetazini Paul Altidor voye bay Elaine C. Duke, minis sekirite enteryè pwovizwa teritwa ameriken an pou mande pwolonje Stati Pwoteksyon Tanporè a, TPS, 18 mwa pou imigran ayisyen yo.

Ekstrè nan lèt demann fòmèl Ayiti voye bay Etazini pou ekstansyon TPS pou Imigran li yo.
Ekstrè nan lèt demann fòmèl Ayiti voye bay Etazini pou ekstansyon TPS pou Imigran li yo.

Anbasadè Ayisyen an nan Washington, Paul Altidor, ekri Minis Sekirite Enteryè Lèzetazini an, Elaine C. Duke, pou l mande yon pwolongasyon 18 mwa pou TPS la.

Men kèk esktrè nan yon lèt, ki pote dat 4 Oktòb 2017, ke anbasadè ayisyen an nan Washington, Honorab Paul Altidor, voye bay Minis Sekirite Enteryè Lèzetazini an, Honorab Elaine C. Douk, pou mande yon renouvèlman TPS la (Stati Pwoteje Tanporè) pou imigran ayisyen kap viv ilegalman sou teritwa ameriken an e ki kalifye pou sa.

<< Washington D.C., 4 Oktòb 2017

Onorab Elaine C. Duke

Minis Sekirite Enteryè Pwovizwa

Ministè Sekirite Enteryè (Department of Homeland Security)

Washington, D.C., 20528

<< Chè Minis Duke:

Silvouplè, aksepte korespondans sa a kòm yon repons pou lèt Depatman w la te ekri nan dat 8 septanm 2017 la. Mwen vle remèsye w pou kolaborasyon Depatman w la kontinye genyen avèk Gouvènman Ayisyen an nan abòde deziyasyon Ayiti kòm peyi ki benefisye TPS (Stati Tanporè Pwoteje). Gouvènman Ayisyen an toujou gen angajman pou l travay avèk Lèzetazini pou yo rive jwenn yon solisyon ki benefisye tou lè 2 pati yo sou kesyon sa a ki trè-trè zenpòtan. Se poutèt sa, opinyon sensè Gouvènman Ayisyen an sè ke yon pwolongasyon 18 mwa oubyen yon re-deziyasyon Ayiti kòm benefisyè TPS la pral sèvi enterè komen tou 2 peyi yo, Ayiti ak Lèzetazini.

<< An tan ke 2 repiblik ki pi ansyen nan Emisfè Oksidantal la, nou genyen yon long istwa kolaborasyon pou n ranfòse valè nou pataje yo ak enterè nasyonal nou. Objektif demand Gouvènman Ayisyen an fè pou Etazini re-deziye Ayiti kòm benefisyè TPS pou yon nouvo peryòd 18 mwa, se garanti ke Ayiti gen mwayen ki nesesè pou l avanse ak plan relans ak devlopman li a, epi peyi a pa pral genyen pou l konte, a lon tèm, sou Lèzetazini pou l bay sitwayen li yo rezidans tanporè.

<< Nou gen konviksyon ke pi bon mwayen pou nou bay yon rezon pou demand nou fè pou yon pwolongasyon deziyasyon TPS la pou Ayiti, se montre ou reyalite a sou teren an. Alòs, Gouvènman m nan mete devan w yon envitasyon pou l resevwa w ann Ayiti yon fason pou w kapab wè pèsonèlman efò kap fèt pou n poze e rezoud pwoblèm ki te jistifye deziyasyon Ayiti pou TPS la pou kòmanse. An plis de sa, yon vizit ann Ayiti tap ofri ou yon okazyon pou w evalye defi nap konfwonte yo.

<< Nou kwè sensèman ke, yon fwa ou va fin wè kondisyon yo sou teren an, lap vin klè nan je w ke yon pwolongasyon TPS la oubyen yon re-deziyasyon Ayiti pou yon peryòd 18 mwa, se yon desizyon kap nan eneterè nasyonal ni Ayiti, ni Lèzetazini. Ak tout respè nou dwe ou, nou lanse lide pou vizit sa a ta dewoule pa pi ta ke premye semèn mwa novanm nan yon fason pou w kapab genyen ase tan pou w evalye sitiyasyon an sou teren an anvan ou pran yon desizyon sou TPS pou Ayisyen yo.

<< Ayiti se yon peyi ki sibi yon seri de dezas natirèl katastwofik e san parèy pandan 7 dènye ane yo. Tankou ou konnen, deziyasyon TPS la pou Ayiti sete rezilta sitiyasyon peyi a aprè tanblemanntè janvye 2010 la ki te devaste Ayiti e ki te lakoz lanmò omwen 300 mil moun tandiske plis pase yon milyon sitwayen te deplase anndan peyi a. Apre sa, sòlda Nasyon Zini yo te pote ann Ayiti yon epidemi kolera ki touye plizyè milye moun, rann plis pase 800 mil lòt malad, alòske epidemi an kontinye poze risk pou lasante nan peyi nou an. Responsab yo te oblije pran lajan ki te la pou rezoud pwoblèm tranblemanntè a te poze, epi sèvi ak kòb sa a pou chache elimine epidemi an, avèk yon apui limite bò kote Nasyon Zini, ki se entite ki te pote maladi a ann Ayiti pou kòmanse. Pou ajoute sou devastasyon yo, le 4 oktòb 2016, Siklòn Matthew, yon tanpèt kategori 4 ki te pote van ki tap soufle a 145 mil a lè e ki se pi move siklòn ki frape peyi a nan 52 zan, te pase ak raj sou Ayiti kote li te detrui plis pase 200 mil kay, disparèt plizyè ti vil ak vilaj tout ankè, tandiske li te detrui plantasyon ki te enpòtan anpil. Sitiyasyon sa a ta pral kreye yon mank manje ekstwòdinè ki san parèy nan tout istwa Peyi Dayiti. Pèt ekonomik sèlman Siklòn Matthew koze ann Ayiti, monte rive 2 milya 800 milyon dola. Kòm rezilta 3 katastwòf ekstwòdinè e resan sa yo, nan mwa me 2017 la nou te mande yon pwolongasyon deziyasyon TPS la pou yon lòt peryòd 18 mwa pou bay gouvènman ayisyen an plis tan pou l aplike plan relans ak devlopman ki deja kòmanse a.

<< Lè ansyen Minis Sekirite Enteryè John Kelly te anonse yon pwolongasyon 6 mwa deziyasyon Ayiti pou TPS la pou yon peryòd kap pran fen nan dat 22 janvye 2018, li te deklare: ”Si Ayiti an mezi kontinye ak efò lap fè pou l rekanpe sou 2 pye li aprè tranblemanntè 2010 la, alòs yon pwolongasoyn TPS la pou yon peryòd ki ta depase janvye 2018 pa tap gen jistifikasyon li.” Sepandan, malgre tout efò ki fèt ak pwogrè konkrè moun konstate, dezas natirèl enprevizib (pami yo genyen Siklòn Irma ak Maria) lakoz gwo reta nan kapasite gouvènman an pou l mentni ritm apwopriye travay lap fè pou peyi a rekanpe sou pye li aprè gwo soukous 2010 la. Alòs, Gouvènman Ayisyen an ap deklare ke yon pwolongasyon 18 mwa oubyen yon re-deziyasyon TPS la nesesè pou Ayiti kapab kontinye sou wout pwogrè a.

<< Depi nou te fè dènye demand la, efò nap kontinye fè pou n leve anba konsekans tranblemanntè a, anba ravaj epidemi kolera a ak Siklòn Matthew, vin rankontre difikilte akoz kèk blokaj enpòtan, nan moman Ayiti ap kontinye fè fas ak defi enprevizib e dekourajan. Pandan 30 jou ki pase yo, Siklòn Irma ak Maria koze gwo dega ann Ayiti. Yon gwo kantite pwodui agrikòl detrui epi kominote yo sibi inondasyon; kòm rezilta, abitan anpil kominote deplase al viv lòt kote. An plis de sa, konsekans pasaj siklòn ki pi resan yo sou peyi vwazen yo, tankou Zile Turks and Caicos, koze dega trè zenpòan nan ekonomi ayisyèn nan. Tankou ou ka konnen, ekonomi ayisyèn nan repoze anpil-anpil sou kontribisyon Dyaspora a.

<< Yon bon pati nan fòs travay la nan anpil zile vwazen ke Siklòn Irma ak Maria frape, se moun ki gen orijin ayisyèn. Nan moman anpil nan peyi sa yo ap redi pou yo rekanpe sou pye yo aprè pasaj siklòn yo, imigran ayisyen kap travay nan peyi sa yo twouve yo nan yon sitiyasyon kote yo pa kapab ede ankò fanmi yo ki ann Ayiti, sa ki vin konplike plis toujou pwosesis relans ekonomik la ann Ayiti epi mete reta nan kapasite peyi a pou l plase tèt li nan pozisyon kote l te ye anvan tranblemanntè 2010 la.

<< Kòm lèt Depatman w nan fè remake sa a, yon kondisyon reglemantè ki nesesè pou yon peyi jwenn deziyasyon pou TPS la, sè ke “dwe genyen yon dezas anviwonnmantal ki debouche sou yon deranjman enpòtan, men tanporè, nan kondisyon de vi yo nan rejyon afekte a, fòk peyi a twouve l nan enkapasite tanporè pou l jere yon fason apwopriye retou sitwayen li yo, epi peyi a dwe fè yon demand ofisyèl pou deziyasyon TPS la." Malerezman, depi 2010, Ayiti sibi konsekans 3 move sitiyasyon konsa.

<< Efè negatif siklòn ki fèk pase sou peyi yo, vin nui kapasite nou pou n leve kanpe anba gwo soukous 2010 la, epidemi kolera a ak Siklòn Matthew nan espas tan nou te prevwa a e sa vin konplike sitiyasyon an sou teren an; kòm konsekans, genyen yon deteryorasyon kondisyon lavi a a-kou tèm. Etan done sikonstans aktyèl yo sou teren an e lè nou konsidere sa k di nan règleman yo, yon pwolongasyon oubyen you re-deziyasyon TPS pou Ayisyen yo gen yon jistifikasyon total-kapital e sa ta sèvi enterè nasyonal tou lè 2 peyi yo... >>

Sete kèk esktrè nan yon lèt, ki pote dat 4 Oktòb 2017, anbasadè ayisyen an nan Washington, Honorab Paul Altidor, voye bay Minis Sekirite Enteryè Pwovizwa Lèzetazini an, Honorab Elaine C. Douk, pou mande yon renouvèlman TPS la (Stati Pwoteksyon Tanporè) pou imigran ayisyen kap viv ilegalman sou teritwa ameriken an e ki kalifye pou sa.

XS
SM
MD
LG