Accessibility links

Breaking News

Ayiti: Popilasyon an Sou le Kiviv Pandan Tanpèt Tomas ap Pwoche


Otorite yo ann Ayiti kòmanse deplase yon pakèt moun k ap viv anba tant ak nan kan depi tranblemanntè 12 janvye 2010 la nan moman siklòn Tomas sou wout pou l frape peyi a . Sant nasyonal Ouragan Etazini an di Tomas pran fòs ankò e li tounen yon tanpèt twopikal ki pote avèk li van k ap soufle ak 75 kilomèt a lè . Espesyalis meteyo fè konnen tanpèt la kapab frape Ayiti vandredi 5 novanm 2010 la .

Responsab yo ak Ofis Nasyonal Migrasyon (OIM ) di yo deja deplase moun ki te nan kan Koray. Kan sa a te gen anviwon 8 mil moun . Sepandan nan kèk lòt kan gen moun ki an danje nan moman move tan an ap anvanse sou peyi a. Otorite ayisyen yo ak patnè entènasyonal Ayiti yo ap pran anpil dispozisyon dijans pou yo pwoteje popilasyon an nan zòn ki sou wout tanpèt la.

Jacquelin Belizaire ap di nou plis.

Klike sou ikon ki anwo e adwat atik la pou w tande repòtaj Jacquelin Belizaire.

XS
SM
MD
LG