Accessibility links

Breaking News

Ayiti-Sekirite: Nan Jeremi, yon Polisye Anba Akizasyon Zak Asasinay


Seremoni gradyasyon yon nouvo gwoup polisye nan akademi polis nasyonal la sou wout Frè nan Petyon Vil, Ayiti. 12 jen 2012. Foto: REUTERS/Swoan Parker.
Seremoni gradyasyon yon nouvo gwoup polisye nan akademi polis nasyonal la sou wout Frè nan Petyon Vil, Ayiti. 12 jen 2012. Foto: REUTERS/Swoan Parker.

Kenson Lafortune, yon jen gasoin 26 zan pèdi lavi li anba bal zam polisye Sterling Hall alias Sans Sousi. Ensidan sa a rive nan zòn Gomye, 4èm seksyon kominal Roseau nan Grand’ Anse.

Komisè gouvènman Jeremi an, Mèt Bergemane Sylvain konfime nouvèl la kote li di otorite yo mete polisye akize a ann izolman apre zak la.

Yon lòt kote, chèf pakè a fè konnen tou lajisitis mete men sou James Pierre alyas Wilson pou enplikasyon li nan asasinay 2 polisye nan zòn Delmas 19 nan Pòtoprens nan mwa oktòb 2017 pase a.

XS
SM
MD
LG