Accessibility links

Breaking News

Ayiti: Premye Minis Jack Guy Lafontant Pwomèt Rezilta Ankèt sou Ensidan Gran Ravin nan


 Premye Minis ayisyen an, Jack Guy Lafontant
Premye Minis ayisyen an, Jack Guy Lafontant

Premye Minis ayisyen an, Jack Guy Lafontant, fè konnen lapolis louvri yon ankèt pou idantifye responsab nan ensidan mòtèl katye Gran Ravin nan kote plizyè sivil e 2 polisye mouri san bliye plizyè lòt ki blese lendi 13 novanm 2017 la.

Viktim yo mouri nan kad yon desant-delye Polis Nasyonal la, PNH te mennen nan zòn nan pou deloje moun yo idantifye kòm bandi. Yon manm palman an fè konnen anviwon 250 polisye te patisipe nan operasyon an.

Soumen dosye a, Konsèy Siperyè Polis Nasyonal la, CSPN te reponn ak envitasyon komisyon Jistis ak Sekirite Sena repiblik la pou te fè limyè sou operasyon PNH la te mennen nan Gran Ravin nan.

Suiv yon repòtaj Florence Lisené depi Pòtoprens sou dosye.

Konsèy Siperyè Polis la Devan Sena a sou Dosye Operasyon Gran Ravin nan
please wait

No media source currently available

0:00 0:03:33 0:00

XS
SM
MD
LG