Accessibility links

Breaking News

Ayiti-Sekirite: Lapolis Louvri yon Ankèt Apre yo Fin Dekouvri Plizyè Moun Mouri nan yon Sèl Kay


Kap gewografik Dayiti ki montre Depatman Nò a ak zòn Okap.
Kap gewografik Dayiti ki montre Depatman Nò a ak zòn Okap.

Kesyon anpil moun ap poze se kòman yon trajedi konsa fè rive? Kote otorite yo nan dezyè seksyon kominal Haut-du-Cap dekouvri plizyè moun ki ta sanble manm yon sèlfanmi rive pèdi lavi yo andan lakay yo.

Otorite yo fèdekouvèt sa a dimanch maten nan yon kay ki twouve l nan lokalite Charrier, Yo idantifye viktim yo kòm: Bloox Pierre-Louis, Maggie Montreuil, Blooma Pierre-Louis, Ray Pierre-Louis, Tony Montreuil ak Michael Elvecius.

Lòt nouvèl nan peyi Dayiti se sou aksidan sikilasyon kote enfòmasyon yo fè konnen soti nan dat 27 out pou rive 2 septanm 2018 la, otorite sikilasyon yo anrejistre 48 ka aksidan nan zòn Gwo Mòn. Nan Kwadèboukè tou pre Pòtoprens, 13 moun pou pipiti mouri nan aksidan sikilasyon oandan peryòd sa a . 154 lòt soti blese; anpil nan yo grav.

XS
SM
MD
LG