Accessibility links

Breaking News

Ayiti: Fanmi Lavalas Ajoute Vwa l Pami Gwoup Kap Mande Demisyon Prezidan Jovenel Moïse sou Pouvwa a


Mafestan ki kenbe ansyen drapo peyi a te genyen sou rejim Duvaliers a ki te nwa-e-wouj e ke yo te ranplase ble-e-wouj apre depa rejim nan an 1986.
Mafestan ki kenbe ansyen drapo peyi a te genyen sou rejim Duvaliers a ki te nwa-e-wouj e ke yo te ranplase ble-e-wouj apre depa rejim nan an 1986.

Pati Fanmi Lavalas ajoute vwa l pami group nan opozisyon an k ap mande demisyon Prezidan Jovenel Moise sou pouvwa a. Selon doktè Maryse Narcisse, responsab komite egzekitif pati a, dat 18 novanm nan se dat pou chavire chodyè a pandan li mande popilasyon an mobilize pou deboulonnen ekip ki sou pouvwa a.

Plizyè branch nan opozisyon an deja anonse manifestasyon pou dimanch 18 Novanm nan okazyon jou batay Vètyè a. Mèkredi 14 novanm 2018 la lidè pati politik Pitit Desalin nan Moïse Jean Charles te bay yon konferans pou laprès kote li anonse yon mobilzasyon manch long pou fòse depa pouvwa Moïse/Ceant. Pandan wikenn pase nan yon manifeatsyon nan nò peyi a, patizan ansyen kandida alaprezidans Moise Jean Charles te monte drapo nwa-e-wouj la nan plas vètyè ki nan Depatman Nò peyi Dayiti.

Sepandan, sipòtè pouvwa a Jovenel Moïse la di, " Eleksyon se sèl mwayen pou moun pran pouvwa a e non pa dechoukaj."

XS
SM
MD
LG