Accessibility links

Breaking News

Ayiti: Lapolis Touye yon Prizonye Ki Tap Eseye Sove nan Prizon Sivil Ench la


 Foto yon prizon sivil nan Akayè
Foto yon prizon sivil nan Akayè

Lapolis touye yon prizonye epi 7 lòt sove nan prizon sivil vil hench la ann Ayiti pandan wikenn nan. Otorite yo lanse yon operasyon koukouwouj pou chache sovadò yo.

Komisè gouvènman depatman an, Alphonse Eugene, ki tap pale nan laprès sou ensidan an, fè konnen prizonye yo te mare plizyè dra ansanm pou te pase nan yon fenèt nan etaj prizon an.

Administrasyon sistèm penitansye nasyonal la ap anketè sou jewolye yo ki t ap siveye prizon an pou detèmine si wi ou non te gen yon konplo.

XS
SM
MD
LG