Accessibility links

Breaking News

Prezidan Jovenel Moise Anonse yon Vizit Posib Pap Franswa ann Ayiti


Pap Franswa ak Prezidan Jovenel Moise ak fanmi Prezidansyèl ayisyen ki poze pou yon foto nan Vatikan. 26 janvye 2018. REUTERS/Alberto Pizzoli/Pool.
Pap Franswa ak Prezidan Jovenel Moise ak fanmi Prezidansyèl ayisyen ki poze pou yon foto nan Vatikan. 26 janvye 2018. REUTERS/Alberto Pizzoli/Pool.

Prezidan ayisyen an Jovenel Moise retounen ann Ayiti apre yon vizit plizyè jou li fè an Itali ak Vatikan. Lidè ayisyen an, ki te gen ak li yon delegasyon pami yo premye Dam nan Martine Moise, Prezidan sena a Joseph Lambert ak Prezidan chanm depite a Gary Bodeau, te rankontre an prive souveren Pontif la Pap Francois nan Vatikan ansanm ak plizyè ofisyèl gouvènman Italyen an nan vil Wòm.

Dapre nouvèl ki soti ann Ayiti, Prezidan Moise ki tap pale ak laprè nan salon diplomatik la fè konnen rankont li ak Pap Franswa se pi gwo rankont li fè depi lè li monte sou pouvwa a. Lokatè Palè Nasyonal la mansyone plizyè gran pwen li debat ak Pontif Katolik la tankou: Pou l ta fè yon vizit ann Ayiti ak Nome yon Reprezantan Vatikan ann Ayiti.

Prezidan Jovenel Moise te rankontre Pap Franswa nan Vatikan vandredi 26 janvye 2018 la. Dapre Anbasadè Ayiti nan Vatikan Carl Henri Guito, lidè ayisyen an te gen pou l chita-pale tou ak lòt lidè nan Legliz katolik, gouvènman Italyen an pami yo prezidan Sergio Matarella ak Prezidan Konsèy Minis la Paolo Gentiloni Silveri.

XS
SM
MD
LG