Accessibility links

Breaking News

Ayiti: Chanjman nan Lis Minis Nome Kabinè Mèt Jean Henry Céant an pou Rezon Nasyonalite


Premye Nome aysiyen an Jean Henry Ceant kap mache nan jaden Palè Nasyonal la apre seremoni prezantansyon li kòm premye minis nome, 7 out 2018. Foto: REUTERS/Andres Martinez Casares.
Premye Nome aysiyen an Jean Henry Ceant kap mache nan jaden Palè Nasyonal la apre seremoni prezantansyon li kòm premye minis nome, 7 out 2018. Foto: REUTERS/Andres Martinez Casares.

Premye Minis nonmen an Jean Henry Céant chwazi sitwayen Joseph Joute pou ranplase mèt Osner Richard ki te nan lis minis nome li a kòm minis anviwonman nouvo gouvènman an. Nouvèl yo fè kwè Premye minis nome a ta fè chanjman sa a poutèt Mèt Osner Richard ta genyen yon paspò etranje.

Dapre nouvèl ki pibliye nan medya yo ann Ayiti mèt Osner Richard te siyen yon dokiman ki sètifye li pa janm renonse ak nasyonalite l. Mèt Osner Richard gen pou l prezante devan komisè Pòtoprens la mèt Ocnam Clame Dameus mèkredi 12 septanm nan pou l di si wi ou non li ta genyen yon lòt nasyonalite.

Konstitisyon ayisyèn nan pa bay yon sitwayen ayisyen koi renonse ak nasyonalite li dwa pou l okipe okenn pòs gouvènmantal menm si lap viv nan peyi a. Palman ayisyen ap travay sou yon pwojè lwa konstitisyon amande a ki pral rekonèt doub nasyonalite. Pou lemoman lwa a di fòk ou pat janm renonse ak nasyonalite w pou rive okipe yon pòs gouvènmantal ann Ayiti.

XS
SM
MD
LG