Accessibility links

Breaking News

Ayiti: Dezòd Pete nan Antèman 6 Moun Ki Ta Viktim nan Manifestasyon 17 Oktòb yo nan Pòtoprens


Manifestan opozisyon yo ki nan lari Bèlè ak yon sèkèy, swa youn nan moun yo di ka mouri nan manifestasyon 17 oktòb 2018 la.
Manifestan opozisyon yo ki nan lari Bèlè ak yon sèkèy, swa youn nan moun yo di ka mouri nan manifestasyon 17 oktòb 2018 la.

Yon moun deja blese anba bal bonè nan maten 31 oktòb 2018 la nan antèman patizan opozisyon an ki ta viktim nan dènye manifestasyon 17 oktòb yo nan Pòtoprens. Dapre korespondan Lavwadlamerik Matiado Vilme, antèman an pat ko ka chante paske seremoni an te pètibe pandan ekspozisyon kadav yo.

Dapre deklarasyon Mèt Andre Michel, ta gen 6 moun ki mouri nan manifestasyon 17 oktòb la. Lapolis di li pa okouran gen 6 moun ki mouri. Sepandan pòt pawòl PNH la rekonèt ta gen 2 mò e yon 3e1m moun ki ta mouri anba yon kriz kadyak pa gen anyen pou wè ak manifestasyon an.

Otorite yo, envite moun ki di fanmi yo viktim yo pou pote kole ak enstitisyon polisyè a pou kapab fe1 limyè sou sa a. Si yo ta gen prèv polisye ta fè yo abi yo dwe al pote plent nan enspeksyon jeneral polis la, IGPNH.

XS
SM
MD
LG