Accessibility links

Breaking News

692 Nouvo Polisye, Pami yo 188 Fanm Vin Ranfòse Efektif Polis Nasyonal la ann Ayiti


Foto nouvèl promosyon Polis nasyoanal Haiti a, PNH nan akademi polis la sou wout Frè nan Petyon Vil. 19 septanm 2018.
Foto nouvèl promosyon Polis nasyoanal Haiti a, PNH nan akademi polis la sou wout Frè nan Petyon Vil. 19 septanm 2018.

692 polisye, pami yo 188 fi prete sèman pou entegre polis nasyonal la mèkredi 19 septanm 2018 la. Nan diskou sikonstans direktè polis nasyonal la, Michael Gedeon chante lwanj pou popilasyon komin site Solèy la ki mete ansanm ak PNH nan jefò kap fèt pou tabli lapè nan komin yo.

188 fanm pami yon total 696 nouvo polisye gradye nan akademi Polis Nasyonal Ayiti a nan Pòtoprens. 19 septanm 2018
188 fanm pami yon total 696 nouvo polisye gradye nan akademi Polis Nasyonal Ayiti a nan Pòtoprens. 19 septanm 2018

DGPNH la mande popilasyon lòt katye ki anba kontwòl moun otorite yo idantifye kòm bandi, pou travay ak polis nasyonal la pou kwape eleman move je sa yo nan katye yo.

Prezidan repiblik Ayiti a Jovenel Moïse, nouvo premye minis la Jean Henry Céant, ak Plizyè manm nan gouvènman an.
Prezidan repiblik Ayiti a Jovenel Moïse, nouvo premye minis la Jean Henry Céant, ak Plizyè manm nan gouvènman an.

Prezidan Jovenel Moise bò kote pal mande nouvo gradye yo pou yo travay ansanm pou konbat ensekirite k ap pran jarèt non sèlman nan kapital la men tou nan plizyè vil pwovens.

XS
SM
MD
LG