Accessibility links

Breaking News

Reyaksyon sou Vòt Ayiti nan OEA sou Kriz Venezyela


Asanble Jeneral OEA nan Washongton 5 jen, 2018.
Asanble Jeneral OEA nan Washongton 5 jen, 2018.

Nan 48e Asanble Jeneral OEA a, Ayiti fè abstansyon nan vòt sou pwojè rezolisyon sou sitiyasyon an nan Venezyela. Rezolisyon an pase ak 19 pou 4 kont , e 11 abstansyon (ni pou ni kont). Repiblik Dominikèn vote an favè rezolisyon an. Minis afè etranjè Venezyela a Jorge Arreaza kondane rezolisyon an e lonje dwèt sou kèk otorite Etazini pami yo vis-prezidan Mike Pence.

Anbasadè Etazini nan OEA, Carlos Trujillo, reyaji nan mikwo Lavwadlamerik apre rezolisyon kote li di Ayiti te dwe sipòte Etazini nan vòt la. Meyse Trujillo fè konnen pèp ameriken ak pèp ayisyen ap toujou rete 2 bin zanmi.

Senatè repibliken eta Florid la Marco Rubio reyaji tou kote li fè kwè pèp ameriken an pral kontinye soutni pèp ayisyen an malgre desizyon otorite ayisyèn yo pran pou yo pa pousuiv pwopozisyon rezolisyon ki mande pou retire Venezyela nan Òganizasyon Eta Ameriken yo.

XS
SM
MD
LG