Accessibility links

Breaking News

Nouvèl Nan Peyi Dayiti Pou Dimanch 20 Jen, 2010


Otorite lapolis ann Ayiti, nan tèt kole ak fòs entènasyonal ki nan peyi a, dekrete yon mache prese dèyè bandi k’ ap simen vyolans nan kapital la, sitou nan kan kote genyen reskape tranblemanntè 12 janvye a.

Dosye eleksyon yo ann Ayiti kontinye pwovoke reyaksyon nan divès sektè. Toujou gen gwo kè sote nan mitan opozisyon an ak Sosyete Sivil la sou sa ki sanble ak desizyon fèm pouvwa a pou li òganize eleksyon jeneral nan fen ane a ak yon konsèy elektoral la ki pèdi konfyans anpil sektè popilasyon an.

Lòt pwen nan aktyalite a nan peyi dAyiti, nan rejyon Plato Santral otorite lokal yo ap suiv de prè entèvansyon òganizasyon entènasyonal ak nasyonal k’ap pote asistans bay popilasyon an.

Klike sou ikòn MP3 ki anwo e adwat atik sa a pou w koute plis sou sijè sa yo.

XS
SM
MD
LG