Accessibility links

Breaking News

Ayiti: Stephanie Auguste Ki Alafwa Minis Afè Sosyal e Dyaspora a Di li Detèmine pou l Rezoud Kèk Pwoblèm Sosyal


Stephanie Auguste nouvo Minis Afè Sosyal ak Travay la
please wait

No media source currently available

0:00 0:02:46 0:00

Stephanie Auguste nouvo Minis Afè Sosyal ak Travay la.

Premye Minis Jack Guy Lafontant enstale jedi 14 septanm 2017 la Stephanie Auguste kòm nouvo minis afè sosyal ak travay. Chèf gouvènman nan okazyon an deklare li konte sou kapasite nouvo minis la pou leve defi sosyal kap tann li yo. Madam Auguste kap asire enterima ministè ayisyen kap viv aletranje yo tou di lap fè tout sa l kapab pou akonpli tou 2 tach li yo.

Administrasyon Lafontant/Moise la te ranvwaye minis Afè sosyal ak Travay li a, Roosevelt Bellevue, sou akizasyon koripsyon. Sepandan, Mesye Bellevue te voye jete akizasyon, kòm kwa li ta pran 950 mil dola gouvènman an ta alwe nan kad yon pwojè kit skolè ke l te pwopoze an "konsèy-dès-minis" avan rantre lekòl la.

Mesye Bellevue te di Lavwadlamerik se yon konplo antrepriz pwòch pouvwa a ki bezwen benefisye kontra nan kad pwojè sa a mete sou do l. Ansyen minis lan di li mete yo an defi pou yo vin ak prèv pou kore akizasyon sa yo.

XS
SM
MD
LG