Accessibility links

Breaking News

Ayiti: Meri Pòtoprens Deside Ranfòse Lwa sou Jete Fatra nan Kapital la


 Yon nonm kap kouri paten nan lari Pòtoprens 19 me, 2018. Foto: REUTERS/Andres Martinez Casares - RC1615F8B200
Yon nonm kap kouri paten nan lari Pòtoprens 19 me, 2018. Foto: REUTERS/Andres Martinez Casares - RC1615F8B200

Meri Pòtoprens bay yon konferans pou laprès pou pataje desizyon legal ki gen ladann amand ak prizon pou moun ki vyole lalwa konsènan jete fatra nan Zòn metwopolitèn Pòtoprens la.

Sou tap konferans la te gen majistra Prensipal la, Youri Chevry, Jacques Lafontant, Substiti, komisè gouvènman ak yon Berson Soljour ki se Direktè Depatmantal Lwès PNH-la.

Antouka, se pa premye fwa gen gwo dispozisyon ki pran nan nivo meri kapital la ak lòt antite nan leta avan yo pou rive kenbe vil la pwòp. Sa pa gen lontan, anpil obsèvatè tap plenyen akoz kantite fatra ki blayi nan plizyè Pòtoprens.

Tout fwa, Otorite sivl ak lapolis nan zòn metwopolitèn yo di yo pran angajman pou ranfòse lwa sou jan moun jete fatra yo yon fason pou rive garanti sekirite sanitè popilasyon an.

XS
SM
MD
LG