Accessibility links

Breaking News

Pouvwa Egzekitif la Fè Otorite Lajistis yo 2 Egzijans nan Okazyon Ouvèti Sesyon Ane Jidisyè a


Prezidan Jovenel Moïse nan okasyon ouvèti sesyon ane jidisyè a; Pòtoprens, premeye oktòb 2018.
Prezidan Jovenel Moïse nan okasyon ouvèti sesyon ane jidisyè a; Pòtoprens, premeye oktòb 2018.

Sezon Jidisyè a louvri ofisyèlman ann Ayiti lendi 1e Oktòb la sou tout teritwa nasyonal la. Prezidan Jovenel Moise, ki t ap patisipe nan seremoni an nan lakou Kasasyon ansanm ak Premye Minis Jean Henry Ceant, mande responsab lajistis yo pou rezoud 2 gwo pwoblèm peyi a ap konfwonte:

Moun kap vòlè tè moun ak benediksyon lajistis epi pwoblèm detansyon prevantiv pwolonje sa vle di moun kap koupi nan prizon pandan lontan san yo pa janm wè yon jij. Selon yon rapò RNDDH publiye gen plis pase 8 mil moun ki an detansyon prevantiv prolonje nan peyi a.

​Nan yon twit anbasadè ameriken ann Ayiti Michele Sison #AmbSison pibliye apre patisipasyonn nan seremoni ane jidisyè a, li di prezans ofisyèl yo nan seremoni an se siy ki montre angajman yo pran pou gen yon pouvwa jidisyè fò, endepandan ak respè lalwa.@USEmbassyHaiti.

XS
SM
MD
LG