Seyans entèpelasyon Premye Minis Jack Guy Lafontant nan chanm depite a ranvwaye ann atandan yon komisyon fè limyè sou 4 pami 5 nouvo minis gouvènman an.
Desizyon an baze sou yon korespondans Kou Siperyè dè Kont ekri Prezidan Chanm Depite a pou di 4 minis konsène yo, tankou minis kilti ak kominikasyon an Joseph Guyler C Delva pa gen sètifika dechaj pou lajan leta yo t ap jere.
Minis konsène yo an plis de minis kiltik ak kominikasyon an se Minis Jistis ak Sekirite Piblik la Jean Roudy Aly, Minis enteryè ak Kolektivite Teritoryal la Jean Marie Reynaldo Brunet, Minis Agrikilti a Jobert C Angrant.
Yon lòt kote Premye Minis Jack Guy Lafontant ak Minis Ekonomi ak Finans la, Jude Alix Patrick Salomon depoze nan 2 chanm palman an bidjè ane fiskal 2018-2019 la ansanm ak bidjè rektifikatif la.
Pwojè lwa finans 2018-2019 la evalye a 175 milya goud. Bidjè pwojè lwa bidjè rektifikatif la pase de 144 milya goud a 156 milya goud.
Otorite finansye yo revele dèt ekstèn peyi a rive a 3 milya 100 milyon dola pou 2èm trimès egzèsis fiskal 2017-2018 la.