Accessibility links

Breaking News

Ayiti-Frans: Emmanuel Macron Felisite Jovenel Moise pou Lit la Mennen Kont Koripsyon


Prezidan ayisyen an Jovenel Moise, agoch, ak Prezidan Fransè a Emmanuel Macron, adwat, pandan yon rankont ak laprès nan Palè Champs-Elysées. a Pari , Frans, 11, dsanm 2017.
Prezidan ayisyen an Jovenel Moise, agoch, ak Prezidan Fransè a Emmanuel Macron, adwat, pandan yon rankont ak laprès nan Palè Champs-Elysées. a Pari , Frans, 11, dsanm 2017.
Prezidan ayisyen an, Jovenel Moise, rankontre lendi 11 desanm 2017 la ak Prezidan fransè a, Emmanuel Macron, nan vil Pari nan peyi Lafrans nan kad yon vizit sou kontinan ewopeyen an.
Prezidan ayisyen an, Jovenel Moise nan mitan ak Prezidan fransè Emmanuel Macron, agoch, Pari,, Fans, 11 desanm 2017.
Prezidan ayisyen an, Jovenel Moise nan mitan ak Prezidan fransè Emmanuel Macron, agoch, Pari,, Fans, 11 desanm 2017.
Prezidan Macron felisite Prezidan Moise pou lit lap mennen kont koripsyon pandan li mete aksan sou kowoperasyon ant Ayiti ak Lafrans. Prezidan ayisyen an, bò kote pal, felisite tokay fransè li a pou òganizasyon somè sou anviwonman an.

Madi 12 desanm 2017 la, Prezidan Moise ap gen pou l patisipe nan somè sou finansman Aksyon Klimatik (One Planet), yon rankont kap gen ladann plizyè chèf deta ak chèf gouvènman. Virewon sa a menmen chèf leta ayisyen an dabò an Frans, e apre sa li prale nan peyi Bèjik.

Chèf deta Ayiti a genyen avè l nan virewon sa a premyè dam nan , Martine Moise e yon gwo delegasyon antreprenè. Delegasyon ayisyèn nan ap retounen Ayiti 16 desanm pwochen.

XS
SM
MD
LG