Accessibility links

Breaking News

Ayiti-Irma: Peyizan nan Nòdès Manifeste Paske Otorite Pa Fè Anyen pou Ede yo Apre Pasaj Siklòn nan


Manifestasyon Abitan nan Nòdès peyi Dayiti
please wait

No media source currently available

0:00 0:01:52 0:00

Manifestasyon abitan nan Nòdès peyi Dayiti pou mande otorite ede yo rekonstrui jaden yo apre pasaj siklòn Irma nan rejyon an.

Nan depatman Nòdès peyi, plizyè dizèn peyizan plantè nan rejyon Ba Maribarou desann nan lari sou envitasyon Mouvman Plantè Nòdès(MOPNE) ki òganize yon mach pasifik mèkredi 27 septanm 2017 la pou pwoteste neglijans otorite sou bezwen yo nan zòn nan

Peyizan yo fè konnen objekltif mach sa a se pou denonse responsab agrikilti yo nan nivo lokal ak nasyonal ki pa fè anyen pou ede yo remete jaden yo kanpe apre siklòn Iram te fin detui plantasyon.

Youn nan òganizatè mach sa a te reponn kesyon korespondan Lavwadlamerik nan Fòlibète, Jaudelet Junior Saint-Vil.

XS
SM
MD
LG