Accessibility links

Breaking News

Lekol Nasyonal Pewoden ki nan 5è Seksyon Kominal Titrivyè Latibonit nan yon Eta Kritik


Ayiti-Edikasyon: Lekol Nasyonal Pewoden an sou Lagraba; Plis detay ak Exalus Mergenat
please wait

No media source currently available

0:00 0:02:49 0:00

Lekol Nasyonal Pewoden an

Lekol sa a ki fonksyone soti nan premye ane pou rive 6èm ane fondamantal twouvel nan yon eta kritik, li gen ladan aktyelman 400 timoun kap resevwa pen lenstriksyon.

Bwa pouri ki sevi mi, twati ak tol wouye, yon grenn ban pou 7 a 10 timoun, yon sitiyasyon direktè lekol sa a Anous Boyer deplore.

Depi fondasyon lekol sa a nan oktob 1927 a nos jou otorite yo nan pouvwa santral la pa fe anyen pou konstwi yon lokal pou loje etablisman sa a kap desevi omwen 5 lokalite nan seksyon an.

Direkte a fe konnen depi 27 ans lap travay nan lekol sa a kom ensititè avan l te nome direkte li resevwa yon sel fwa vizit yon enspekte.

Yon blòk sanite DINEPA fèk konstwi reprezante anpil bagay pou lekòl la dapre direktè a.

Move eta etablisman eskolè sa a preokipe kazèk zòn nan Triffond Louissaint ki mande otorite yo nan pouvwa santral pran responsabilite yo.

Klike sou videyo a ki anlè tèks la pou w suiv yon repòtaj Exalus Mergenat.

XS
SM
MD
LG