Accessibility links

Breaking News

Otorite Amerikèn yo Anonse Deplwayman Sòlda sou Fwontyè a pou Kontwole Karavann Imigran an


Yon ti ondiryen ki pran wout ansanm ak imigran Santral ameriken yo nan direksyon Etazini. (Foto: 28 oktòb 2018; SANTIAGO BILLY / AFP)
Yon ti ondiryen ki pran wout ansanm ak imigran Santral ameriken yo nan direksyon Etazini. (Foto: 28 oktòb 2018; SANTIAGO BILLY / AFP)

Depatman defans Etazini ap pare pou deplwaye 5 mil 200 sòlda ameriken sou fwontyè Etazini pataje ak Meksik la, yon fason pou ede ajan kap travay nan zòn nan jere karavann migran kap soti Ondiras pou antre sou teritwa ameriken an.

Chèf komandman nò peyi a, jeneral Terrence O'Shaughnessy di sòlda yo pral pote kole ak plis pase 2 mil gad nasyonal ki deja sou fwontyè a. Otorite ameriken yo presize genyen plis pase 6 mil moun kap soti nan amerik santral e ki pran direksyon Etazini.

XS
SM
MD
LG