Accessibility links

Breaking News

Ayiti-Patnè: Siyati yon Akò Kowoperasyon 50.000 Dola Ameriken ant Meri Delmas/Tabarre, ak USAID


Jene Thomas, adwat, reprezantan USAID ak Majistra ann apre nan Meri Delmas/Tabarre la, Nice Simon, agoch. Foto: Korespndan Lavwadlamerik nan Pòtoprens, Yves Manuel.
Jene Thomas, adwat, reprezantan USAID ak Majistra ann apre nan Meri Delmas/Tabarre la, Nice Simon, agoch. Foto: Korespndan Lavwadlamerik nan Pòtoprens, Yves Manuel.

Meri Delmas/Tabarre la, Ajans Amerikèn pou Devlopman Entènasyonal USAID, ak yon òganizasyon ki rele, Limyè ak Oganizasyon pou Kolektivite yo Ale Lwen (LOKAL +), siyen yon akò kowoperasyon ak asistans pou yon montan 50.000 mil dola ameriken nan kad yon pwojè pilòt pou teknisyen administrasyon kominal la.

Dapre akò a, LOKAL + ap genyen pou l bay Meri Taba a materyèl ak teknisyen pou monte pwogram lan pandan ke USAID ap finanse pwojè a.

Pwogram ankadreman sa a ki pral pèmèt teknisyen Meri Taba yo patisipe nan yon pwojè pilòt la, pral dewoule nan yon sèl zòn, e lap dire twa (3) mwa. Pandan tan ankadreman sa a, teknisyen yo nan Meri Taba a ap resevwa fòmasyon sou tèm sa yo:

Premyèman, Ranfòsman kapasite otorite lokal yo yon fason pou yo kapab founi pi byen sèvis nan komin lan. Dezyèman, ogmantasyon resèt kominal yo pou Meri a ka jwenn plis kòb pou l finanse sèvis piblik kominal la epi fè devlopman ak pèmèt jwenn fasilite daksè nan sèvis dekonsantre yo epi jwenn pati pa li nan finansman Gouvènman santral la genyen pou Meri a.

Twazyèman, amelyorasyon lejislasyon anfavè desantralizasyon sèvis dekonsantre yo epi fasilite plis transparans, kontwòl ak plis responsabilite andedan kolektivite lokal yo pou yon meyè prestasyon nan sèvis dekonsantre yo.

Konsèy kominal Delmas/Tabarre la renouvle angajman l pou atenn objektif li te fikse depi nan fòmasyon katèl la pou rive fè Taba yon komin modèl, modèn, ak pwospè pandan li pwofite ankouraje popilasyon an pou kontinye peye taks ak lòt redevans fiskal yo pou pèmèt meri a kapab finanse tèt li ak pwojè li yo.

XS
SM
MD
LG