Accessibility links

Breaking News

Ayiti: Chèf Gouvènman an Fè yon Diskou Kont Koripsyon yon Jou Apre Revokasyon Minis Afè Sosyal la


Premye minis ayisyen an, Jack Guy Lafontant, pwomèt pou l konbat koripsyon nan leta a.
please wait

No media source currently available

0:00 0:02:30 0:00

Diskou anti-koripsyon Premye Minis ayisyen an, Jack Guy Lafontant

Nan moman anpil reyaksyon ap tonbe sou revokasyon minis Afè sosyal ak Travay la, Roosevelt Bellevue, Premye minis ayisyen an, Jack Guy Lafontant, raple kèk pwomès Prezidan peyi a, Jovenel Moise, te fè pandan kanpay li pami yo lit kont koripsyon. Dr. Lafontant kap asire enterima minis afè sosyal la ann atandan gouvènman li an dezinye yon nouvo moun pou pòs la, raple antwot wòl ministè afè sosyal la dwe jwe nan peyi a.

Sepandan, Mesye Bellevue voye jete akizasyon, kòm kwa li ta pran 950 mil dola gouvènman an ta alwe nan kad yon pwojè kit skolè ke l te pwopoze an "konsèy-dès-minis" avan rantre lekòl la.

Mesye Bellevue di Lavwadlamerik se yon konplo ke antrepriz pwòch pouvwa a ki bezwen benefisye kontra nan kad pwojè sa a mete sou do l. ansyen minis lan di li mete yo an defi pou yo vin ak prèv pou kore akizasyon sa yo.

XS
SM
MD
LG