Accessibility links

Breaking News

Ayiti: Nan Latibonit 2 Moun Mouri ak Plizyè Dizèn Enfekte ak Maladi Kolera a; Otorite yo Anonse Mezi Sansibilizasyon


Manifestasyon viktim maladi kolera yo kap mande MINUSTAH pou dedomaje yo.
Manifestasyon viktim maladi kolera yo kap mande MINUSTAH pou dedomaje yo.

Direksyon sanite Latibonit la anonse ogmantasyon ka enfeksyon maladi Kolera a nan divès rejyon nan depatman an pandan denye jou sa yo.

Kominote ki pi frape yo se Gonayiv, Vèrèt, Sen-Mak, ak Sen Michel de Latalay. Yo resanse dives ka moun ki enfekte ak maladi a dapre Mis Occilien Johane, kowòdonatris depatmantal Kolera a nan Latibonit.

Pou mekredi 16 out la, otorite sanitè yo anrejistre nan tout depatman an 38 ka moun ki trape ak maladi a e ki sou kabann lopital. Pou semenn pase a, responsab yo te repòte 86 ka enfeksyon pami yo 2 desè, youn nan komin Vèrèt ak yon lòt nan vil Sen-Mak.

Nan komin Vèrèt gen plis moun ki enfekte akoz yo neglije prensip dijyèn yo dapre responsab depatmantal sant epidemi ak dyagnostik entegre a, Mis Occilien Johane. Mis Johane fè konnen tou va e vyen, swa pou ale nan fèt chanpèt ak lòt aktivite pandan vakans la ta a la base propagasyon maladi a.

Responsab sanite latibonit yo te reyini mèkredi 16 out la ak otorite nan depatman an tankou delege, reprezantan kèk enstitisyon tankou la meri, direksyon depatmantal edikasyon nasyonal la ak Direksyon Nasyonal Dlo potab ak Asenisman, DINEPA, kote yo anonse mezi yo di yo pral pran pou sansibilize popilasyon an.

Klike sou video a pou suiv yon repòtaj korespondan Lavwadlamerik Exalus Mergenat.

Maladi Kolera Rekòmanse Fè Viktim nan Mitan Popilasyon Ayisyèn nan
please wait

No media source currently available

0:00 0:02:42 0:00

XS
SM
MD
LG