Accessibility links

Breaking News

Ayiti: Sena Ak Chanm Depite a Ap Analize Dokiman Premye Minis Nome a Jean Henry Céant


Premye minis nome Haiti a, Jean Henry Céant. Foto: Pòtoprens, Ayiti, 10 out 2018.
Premye minis nome Haiti a, Jean Henry Céant. Foto: Pòtoprens, Ayiti, 10 out 2018.

Premye minis nome a Jean Henry Céant antame pwosesis premye etap la, vandredi 10 out 2018 la, nan 2 etap li rete nan kad ratifikasyonl kòm nouvo PM ayisyen. Notè Céant depoze yon ansanm dokiman devan vis prezidan Sena ayisyen an, Senatè Francois Syldor ki te akonpaye ak divès lòt kòlèg li.

Dokiman asavwa: 12 paspò, 3 tit pwopriyete, ekstrè achiv manman l ak gran papa l poun site sa yo sèlman se kèk nan dokiman premye minis deziye a depoze orijinal yo nan chanm sena a e kopi nan chanm bas la.

Vis prezidan enstitisyon senatoryal la Francois Syldor ekzòte PM nome a pou l fòme kabinè ministeryèl la pou pèmèt ke palmantè yo etidye dosye tout minis ak sekretè deta yo pi rapidman ke posib.

Mèt Jean Henry Céant, Premye Minis Nome a Depoze Pyès li nan Palman
please wait

No media source currently available

0:00 0:02:43 0:00

XS
SM
MD
LG