Delegasyon peyi manm CARICOM yo rankontre pou yon 2èm e dènye jounen somè ekonomik òganizasyon rejyonal la nan Pòtoprens. Dapre kèk analiz, an plis de kesyon anviwonman patisipan yo ta dwa sonje pale de krim ak vyolans k ap sakaje rejyon Karayib la.
Obsèvatè yo ap kesyone tou avantaj Ayiti kapab tire kòm manm mache komen Karayib la ke li entegre depi 2002. Chenet Saint Vil kowòdonatè jeneral Biwo suivi akò CARICOM OMC, ZLEA ap pote eklèsisman sou etap peyi a deja franchi.
Klike sou videyo pou w tande deklarasyon Mesye Saint Vil la.
Ayiti gen yon seri lòt kondisyon li dwe ranpli pou l pibyen entegre mache komen Karayib tankou pwoblem Tarif li ki twò ba parapò ak lòt peyi manm yo. Ekonomis Eddy Labossiere
Klike sou videyo a pou w tande deklarasyon Mesye Labossiere a.
Bernard Craan, prezidan chanm Komès ak Endistri Ayiti kwè responsab yo nan CARICOM dwe kòmanse pèmèt manm sektè prive a sikile de yon pwen ak yon lòt pami peyi manm yo.
Klike sou videyo a pou w tande deklarasyon Bernard Craan nan.
Depi lendi 26 fevriye 2018 nan aswè Prezidan Jovenel Moise te òganize yon rankont ak pòt fèmen ansanm ak delege pou prepare yon rezolisyon sou som 2 jou a.
Sekretè jeneral CARICOM nan, anbasadè Irwin LaRocque atire atansyon dirijan peyi manm yo sou menas krim ak vyolans poze pou rejyon an an plis de chajman klimatik la. N ap raple an 2007 peyi CARICOM yo te konsidere sekirite kòm 4èm priyorite rejyon an dwe konbat ansanm.