Accessibility links

Breaking News

Otorite Kanadyèn yo Kòmanse Etidye Dosye Plizyè Milye Imigran Ayisyen ki Al Pran Refij nan Pwovens Kebèk

Yon gwoup fanmi ki rive sou fwontyè ant Etazini ak Kanada. Yo di otorte kanadyèn yo se ayisyen yo ye. Yo te soti nan Champlain, New York, 3 Out, 2017. (Foto: Reuters / Christinne Muschi)
Yon gwoup fanmi ki rive sou fwontyè ant Etazini ak Kanada. Yo di otorte kanadyèn yo se ayisyen yo ye. Yo te soti nan Champlain, New York, 3 Out, 2017. (Foto: Reuters / Christinne Muschi)

Pou jounen madi premye out la sèlman, 500 moun travèse fwontyè Etazini ak Kanada a nan sid Pwovens Kebèk pou yo mande azil. 90% nan yo se Ayisyen.

Otorite yo nan peyi Kanada ouvè yon sant dakèy nan Estad Olempik Monreyal la ak 3 lòt kote pou yo resevwa tanporèman plis pase mil 500 ayisyen ki travèse fwontyè peyi a ilegalman pou yo mande azil.

Yon fanmi ki travèse fowntyè Etazini ak Kanada pou yo rantre nan vil Kebèk, lè yo rive devan polisye kanadyen yo yo fè kwè ke se ayisyen li ye. Fanmi sa a te soti nan Chanplain, New York. Etazini, 3 Out 2017. Reuters / Christinne Muschi.

Sanble ayisyen sa yo ap prese kite Lèzetazini pou yo evite depòtasyon lè estati tanporè yo ta pran fen nan mwa janvye 2018 la. Pou sèl jounen madi premye out la, 500 moun ki te travèse fwontyè Etazini ak Kanada nan zòn La Colle ki nan sid Kebèk mande azil. 90% nan yo se ayisyen.

Rezon prensipal ki eksplike deplasman masif sa a nan direksyon nò kontinan an, se laperèz moun yo genyen pou Lèzetazini pa koupe pwogram Estati Pwoteksyon Tanporè a (TPS) nan fen ane 2017 la. Responsab Sant Integre Inivèsitè de Sante ak Sèvis Sosyo nan Kanada, Raphaelle Fragasso, fè konnen otorite yo ap kòmanse analize dosye imigran yo avan yo anonse yon desizyon final. Otorite yo nan Monreyal di refijye ayisyen yo "Bienvenue". Majistra vil la, Denis Coderre, voye ekri sou kont Twitter li yon mesaj kote li di refijye ayisyen yo:

"Nou kapab konte sou kolaborasyon total-kapital mèri a."

Yon fanmi siryen kap travèse liy fontalyè ant Etazini ak Kanada.
Yon fanmi siryen kap travèse liy fontalyè ant Etazini ak Kanada.

Marjorie Villefranche se direktris jeneral Mezon d Ayiti nan Monreyal. Madam Villefanche di AFP (Ajans France Presse) akèy refijye yo resevwa pou le moman an se yon solisyon pwovizwa paske yo ta dwe jwenn lojman ak lekòl pou timoun yo nan okazyon ouvèti lekòl la.

Direktè Enfòmasyon Radyo Unyon.Pwen.Com ou CEPAM nan Montreyal, Pierre Emmanuel, di Lvwadlamerik imigran sa yo ap rete o Kanada ann atandan gouvènman federal la pwononse l sou estati definitif yo.

Entèvyou Pierre Emmanuel bay Lavwadlamerik nan mikwo Jean Robert Philippe
please wait

No media source currently available

0:00 0:05:16 0:00

XS
SM
MD
LG