Yon batiman vwalye ki tap soti sou zile Latòti an direksyon Pwovo fè nofraj nan lannuit samdi pou rive dimanch 15 octob 2017 la. 7 moun sèlman ki rive sove kote plis pase 40 lòt disparèt. Otorite yo poko jwenn okenn kò san vi daprè Kowòdonatè Teknik Komite Depatmantal Pwoteksyon Sivil Nòdwès la, Agronom Retone Jose
Yo fè konnen tou rechèch kontinye ap fèt pou twouve sila yo ki disparèt nan nofraj la. Poukò gen twop enfòmasyon sou sa kita a labaz insidan an.
Korespondan Lavwadlamerik Dieuseul Junior Louis ap vin ak plis detay pita sou aksidan bato sa a.