Accessibility links

Breaking News

Ayiti Pase Plizyè Ane san yon Lame--Kounye li Gen youn Tou Nèf


Foto nouvèl fòs zame Ayiti nan Vètyè 18 novanm 2017. Foto koutwazi: Matiado Vilme 📷FADH Dieumètre Dessource #Vètyè #Haiti
Foto nouvèl fòs zame Ayiti nan Vètyè 18 novanm 2017. Foto koutwazi: Matiado Vilme 📷FADH Dieumètre Dessource #Vètyè #Haiti

Ayiti selebre Fèt Batay Vètyè a nan Okap avèk yo 'Lame tou nèf' ki gen pou kòmandan yon ansyen ofisye wo grade nan FADH, Jodel Lesage, kòm chèf deta majò.

Sepandan, manm opozisyon yo manifeste nan Pòtoprens men jou 18 novanm 2017, 214è anivèsè youn nan pi gwo batay ki te debouche sou endepandans peyi a, pou pwoteste kont koripsyon ak kreyasyon nouvèl fòs ame a. Mèt Andre Michel, youn nan lidè yo fè kwè lajan ki nan bidjè a pou lame a "pa menm kapab achte bòt pou met nan pye militè yo."

Etazini ki youn nan pi gwo patnèt entènasyonal peyi Dayiti di li pa entèrese nan finansman yon nouvèl fòs zame Dayiti. Toutfwa, responsab ameriken yo fè konnen yap kontinye sipòte enstitisyon polis la ki gen anviwon 15 mil man. Ansyen lame Dayiti FADH te demobilize sou Prezidan Jean Bertrand Arisitie nan ane 90 yo.

Mesye Aristid te retounen ann Ayiti avèk sipò Lame Amerikèn, an plis ak apui Nasyon Zini pou l te fin konplete manda prezidansyeèl 5 kan li an an 1994. FADH te ranvèse lidè Lavalas la sou pouvwa a 7 mwa apre li te fin eli nan yon eleksyon demokratik peyi a te òganize kèk lane apre depa rejim Jean Claude Duvalier a ki te avi. Jean Bertrand Aristid te pran yon dekrè pou mete fen nan enstitisyon lame a apre retou li an ezil. Alavèy Selebrasyon Batay Vètyè a Prezidan Jovenel Moise pran yon dekrè kote li retapli ofisyèlman enstitisyon lame Dayiti a.

XS
SM
MD
LG