Accessibility links

Breaking News

Ayiti: Pòdepè an Dèy Apre Lanmò 2èm Majistra Vil la


2èm Majistra vil Pòdepè a, Tony Vernio ki pèdi lavi l nan yon trajik aksidan machin 22 me 2018.
2èm Majistra vil Pòdepè a, Tony Vernio ki pèdi lavi l nan yon trajik aksidan machin 22 me 2018.

Nan PòdePè popilasyon an andèy apre lanmò 2èm majistra vil la Tony Vernio ki mouri apre yon anjen lou majistra prensipal vil la, Josue Alisma, tap kondwi te chavire nan yon falèz. Pèson pa wè majistra Josue Alisma depi aksidan an ki rive madi 22 me a.

Viktim nan, majistra Tony Vernio se tout yon jounalis; li travya kòm korespandan Radyo Ayiti Entè, ak Radio Tropic FM nan Potoprens. Aksidan an ki fèt nan desann mònn komisarya Pòdepè bò 10 zè 30 nan maten an. Vè 1 nè apre midi jij depè zòn nan Mèt Paul Blanc te bay otorizasyon pou leve kadav la apre konsta legal.

Plizyè sektè pami nan peyi manifeste senpati bay fanmi viktim ak tout moun nan vil Pòdepè. Nan yo ministè enteryè pibliye, otorite gouvènman Moïse/ Lafontant yo ekprime tristès devan lanmò trajik sila a.

XS
SM
MD
LG