Accessibility links

Breaking News

Ayiti: 4 Moun Mouri nan yon Aksidan Kamyon Transpò Piblik sou Wout Jakmèl la


Foto kamyon ki chavire sou Wout de Lamitye a nan Jakmèl.
Foto kamyon ki chavire sou Wout de Lamitye a nan Jakmèl.

Ann Ayiti, 4 pasaje mouri pami yo yon fanm ak 3 gason nan yon aksidan machin ki rive sou wout Jakmèl la. 2 lòt viktim nan yon eta grav. Ensidan malere sa pase espesyalman sou Woute Lamitye sou pon Dumez la.

Jij de pè Donald Mardi, apre konsta legal, te bay dwa pou leve kadav yo e depoze yo nan mòg lopital Sen Michèl la. Dapre korespondan Lavwadlamerik nan rejyon an, Eveline Adonis, sekouris te kontinye ap debleye pou chache wè si pa gen sivivan oubyen lòt kadav.

Otorite yo lapolis yo poko bay yon bilan definitf sou aksidan sa a ak rezon ki lakoz kamyon an chavire.

XS
SM
MD
LG