Accessibility links

Breaking News

Hackers Vòlè Anpil Done Platfòm Koutaj Ameriken Robinhood

Electronic screens in New York's Times Square announce the Robinhood IPO, Thursday, July 29, 2021. Robinhood has already changed how people trade stocks and who's doing it. Now its sights are on the rest of the financial industry. (AP Photo/Mark…

Lendi platfòm Koutaj Ameriken Robinhood ki gen 5 milyon itilizatè anonse ke li te soufri yon cyber-atak, e gen anpil done ke yo vòlè.

Robinhood, ki baze nan eta Kalifòni te pibliye yon deklarasyon pou di "Nou te rive kontwòle atak la. Apre envestigasyon, nou pa kwè ke yo volè okenn enfòmasyon kliyan nou yo, tankou nimewo kont an bank yo oswa nimewo kat debi yo" .

3 Novanm 2021 pirat te itilize yon fo liy telefòn, pou jwenn aksè ak sistèm enfòmatik nou. Yo te rive mete la pat sou kek done tankou 5 milyon adrès kourye elektwonik, enfòmasyon pèsonel kek nan kliyan nou yo tankou (non, dat nesans, kòd postal elatriye).

Pirat te eseye fè chantaj avek Robinhood pou lajan, men san ezitasyon yo te avèti lapolis epi yo kontinye mennen ankèt yo sou ensidan an avèk èd lòt konpayi cyber sekirite.

XS
SM
MD
LG