Accessibility links

Breaking News

Lafrans Pare pou l Resevwa 7 Lidè Mondyal pou Somè Gwoup G-7 la, Edisyon 2019 la.

Moun ki t ap vizite, vandredi 23 out 2019, zòn kote Somè G-7 la pral dewoule nan vil Biarritz, an Frans. Prezidan ameriken an, Donald Trump, gen pou rankontre ak kòlèg fransè li a, Prezidan Emmanuel Macron, plis lidè peyi Grann Bretay, Lalmay, Japon, Kanada ak Itali.

Lidè 7 peyi demokratik ki pi rich nan le mond yo (ke yo rele Gowup G-7 la) pral fè rankont anyèl yo nan wikenn sa a nan vil Biarritz, nan peyi Lafrans. Nan okazyon an, gwo otorite yo pral pase an revi gwo pwoblèm ekonomi mondyal la ap konfwonte, men tou yo pral abòde chanjman klimatik yo an prezans prezidan ameriken an, Donald Trump, ki gen repitasyon kòm yon moun ki pa kwè nan nosyon an e ki kritike otorite peyi alye Lèzetazini yo ki ensiste pou di lidè mondyal yo fèt pou pran dispozisyon pou yo konbat fenomèn nan ki reprezante yon veritab danje pou avni planèt la.

Karoline Postel-Vinay se yon pwofesè k ap fè rechèch nan "Institut Sciences Po" ki baze nan vil Pari e ki fè pati Sant Rechèch Entènasyonal la. Madam Postel-Vinay di otorite fransè yo pa alèz e lidè peyi òganizatè Somè a, Prezidan Emmanuel Macron ak ekip k ap prepare rankont G-7 la, pran tout dispozisyon pou yo limite tout konfwontasyon ant Prezidan Donald Trump ak lòt lidè ki pral patisipe nan somè a. Daprè pwofesè Postel-Vinay, Misye Macron --ki okipe plas prezidan rotatif gwoup G-7 la ane sa a-- pral esete pran yon apwòch diferan vizavi somè ane sa a yon fason pou l evite tout chòk avèk Prezidan Trump.

Prezidan Donald Trump ki t ap pale ak Premye Minis kanadyen an, Justin Trudeau, nan seremoni ouvèti Somè G-7 2018 la nan vil Charlevoix, o Kanada (Foto Achiv: AP/Evan Vucci -8 jen 2018).)).
Prezidan Donald Trump ki t ap pale ak Premye Minis kanadyen an, Justin Trudeau, nan seremoni ouvèti Somè G-7 2018 la nan vil Charlevoix, o Kanada (Foto Achiv: AP/Evan Vucci -8 jen 2018).)).

Nan somè G-7 ane pase a, ki te dewoule nan vil Charlevoix, nan pwovens Kebèk, o Kanada, Misye Trump te menase pou l koupe tout echanj komèsyal avèk anpil peyi-manm G-7 la e li te joure lidè peyi òganizatè a, Premye Minis Justin Trudeau, byen joure. Nan yon tweet prezidan ameriken te pibliye apre sa, li te di li konsidere Misye Trudeau kòm yon "nèg san volonte, ke moun ka vire, voye jan yo vle."

XS
SM
MD
LG