Accessibility links

Breaking News

Gwatemala: 4 Tranblemanntè Separe Frape Peyi Santwo-Ameriken an


Moun ki deplase apre tranblemanntè a nan Gwatemala
Moun ki deplase apre tranblemanntè a nan Gwatemala

Nouvèl yo o Gwatemala fè konnen 4 tranblemanntè separe frape peyi santwo-ameriken sa a lendi 19 septanm 2011 la.

Bilan: 3 moun pou pi piti mouri e genyen anpil gwo bilding ki souke nan kapital la, Gwatemala.

Pi gwo soukous la, ki te mezire 5.8, te souke peyi a yon ti tan aprè midi te fin sonnen.

Menm jan ak 3 lòt ki frape apre sa a, sant premye tranblemanntè a te sou yon distans 52 kilomèt ak kapital la.

Yo tou lè 4 pase nan yon espas de 3 zèdtan.

XS
SM
MD
LG