Accessibility links

Breaking News

Dezas Natirèl nan Gwatemala-Vòlkan Fuego Reveye - Plizyè Douzèn Moun Mouri


Jimmy Morales, Prezidan Guatemala a.
Jimmy Morales, Prezidan Guatemala a.

Nan Peyi Gwatemala, sekouris rekòmanse travay san pran souf apre vòlkan Fuego a te antre ann aktivite pou la dezyèm fwa ane sa a nan yon zòn ki sou yon distans 44 kilomèt ak kapital la, vil Gwatemala. Materyèl sou fòm labou cho gaye nan divès vilaj kote yo antere pye bwa, machin, zannimo ak kretyen vivan anban sann dife.

Dapre nouvèl yo, plizyè douzèn rezidan mouri aprè eripsyon volkan an - pami yo gen anpil timoun piti. Prezidan Gwatemala a, Jimmy Morales, deklare yon jou dèy nasyonal nan memwa viktim yo nan yon mesaj ki pase sou yon afilye LavwadLamerik, Kanal Antigua. Nan deklarasyon sa a, Misye Morales di:

"Lide pa nou, se deklare yon eta dijans; jiskaprezan nou rete kwè se yon dezas ki frape omwen 3 rejyon."

XS
SM
MD
LG