Accessibility links

Breaking News

Eripsyon Volkan nan Gwatemala


Volcan ki fè eripsyon nan rejyon Alotenango, Peyi Gwatemala, dimanch 3 jen 2018. Foto AP/Santiago Billy.
Volcan ki fè eripsyon nan rejyon Alotenango, Peyi Gwatemala, dimanch 3 jen 2018. Foto AP/Santiago Billy.

Volkan Fè Eripsyon Nan Gwatemala

Nan Gwatemala, ajans ki la pou jere dezas natirèl la fè konnen omwen 25 moun mouri pandan eripsyon yon volkan ki voye lav ak gwo lafimen ak sann dife nan vilaj ki tou pre yo. Responsab gwatemaltèk yo di eripsyon volkan an afekte plis pase yon milyon moun e otorite yo deja evakye anviwon 3 mil 100 rezidan ozalantou an: yo deja mennen 20 blese nan kèk sant sante ki pa lwen zòn dezas la.

Sekouris deja rive nan Pwovens Escuintla, Sacatepequez ak Chimaltenango kote yap chache jwenn rezidan ki disparèt. Kowòdonatè Nasyonal pou Jesyon Dezas nan Gwatemala, Sergio Cabanas, di sou antèn yon radyo, "se yon larivyè lav ki anvayi zòn nan e ki afekte abitan yo nan vilaj Rodeo. Dapre mesye Cabanas toujou, : "gen moun ki mouri e blese; nap pote sekou bay rezidan yo e nap evakye yo".

XS
SM
MD
LG