Accessibility links

Breaking News

Yon Fiziyad Dewoule nan yon Lise Eta Maryland, tou prè Washington, Byen Bonè Madi 18 Ms 2018 la


Fiziyad nan Lise Great Mills, nan Maryland. Foto sa a montre otorite lapolis ak ajan federal ki prezan sou sèn ensidan an ki lakoz 3 moun blese (pami yo genyen atakan an). Otorite yo di sitiyasyon an sou kontwòl. (AP Photo/Alex Brandon).
Fiziyad nan Lise Great Mills, nan Maryland. Foto sa a montre otorite lapolis ak ajan federal ki prezan sou sèn ensidan an ki lakoz 3 moun blese (pami yo genyen atakan an). Otorite yo di sitiyasyon an sou kontwòl. (AP Photo/Alex Brandon).
Otorite yo nan Etat Maryland, nan pati lès Etazini, konfime nouvèl ki tonbe bonè madi 20 mas 2018 la pou di yon fiziyad dewoule nan yon lise -Lise Great Mills, nan Awondisman Saint Mary. Lekòl sa a sitiye sou yon distans 109 kilomèt o sid vil Washington, kapital federal la.
Videyo sou tire nan yon lise nan Maryland
please wait

No media source currently available

0:00 0:00:50 0:00
Otorite nan lekòl piblik yo nan awondisman Saint Mary, Maryland, deklare "yo mete sitiyasyon an sou kontwòl" e lapolis deja sou plas. Nouvèl laprès resevwa nan mitan matine a fè konnen ensidan an lakoz 3 moun blese, pami yo genyen atakan an.
Gouvènè Eta Maryland la, Karry Hogan, pibliye yon tweet ki di biwo li rete an kontak pèmanan ak lapolis Maryland e ak lòt ajans ki responsab pou lòd ak lajistis. Misye Hogan deklare: "Nap swiv de prè sitiyasyon an nan Lise Great Mills la. Nou kenbe kontak ak lapolis e nou pare pou n bay tout èd posib."
Afè kout-zam nan lekòl Ozetazini tounen tèm yon deba nasyonal apre masak ki te fèt 14 fevriye pase a, kote yon jenn gason 19 van te touye 17 moun anba bal yon fizi AR-15 nan Lise Marjory Stoneman Douglas, nan vil Parkland, tou pre Miami, nan Eta Florid.
Fiziyad Lise Parkland la pwovoke yon seri de mouvman pwotestasyon atravè tout Lèzetazini e sa fè moun rekòmanse lanse apèl pou yo mande Kongrè a adopte règleman ki pi sevè sou kontwòl zam-a-fe epi ofri sekirite pi pi sere nan lekòl yo sou tout tèritwa ameriken an an.
XS
SM
MD
LG