Accessibility links

Breaking News

Grangou Koute Peyi Pòv yo 450 Milya Dola Chak Ane


Rapò sa a kontinye pou l di peyi sa yo pa pare ditou pou yo reyalize objektif ki vize yon rediksyon nan fenomèn grangou a disi ane 2015 la.

Youn nan otè rapò a, Jo Walker, pale pou l di rezilta efò ki fèt pou reyalize objektif sa a se yon veritab desepsyon.

An lan 2000, Gwoup 8 peyi ki pi endistriyalize nan lemond yo te fikse 8 objektif devlopman pou milenè a ki ta sipoze reyalize disi lan 2015. Premye objektif la sete elimine lafen ak povrete tou patou atravè lemond. Misye Walker di echèk sa a koute peyi pòv yo yon milya dola chak ane.

Men, dapre rapò sa a, gen peyi k ap atenn objektif la. Nan tèt lis la nou jwenn Brezil, Lachin, Gana, Malawi ak Vyetnam. Action Aid di peyi sa yo rive koupe sou kantite moun ki nan grangou yo gras ak envèstisman ki fèt nan sektè agrikòl la ak adopsyon kèk nouvo plan byennèt sosyal, tankou distribisyon gratis manje nan lekòl yo.

Nan fen lis la nou jwenn plizyè peyi ki sou kontinan afriken an, tankou Repiblik Demokratik Kongo, Syera Leyòn, Bouwoundi ak Lesoto, epi Pakistan ki sou kontinan azyatik la.

Jo Walter kontinye pou l di Lend tou pa fè okenn pwogrè nan sa ki gen rapò ak lit kont grangou nan lemond. Li ajoute plis pase mwatye timoun nan peyi sa a ap viv nan malnitrisyon menm lè ekonomi a anresjitre amelyorasyon.

Daprè rapò Action Aid la toujou, 20 sou 28 peyi etid la pran an konsiderasyon yo, pa sou wout ditou-ditou pou yo reyalize devlopman yo te fikse nan ane 2000 la pou nouvo milinè a ; e gen 12 nan peyi sa yo ki fè bak olye yo avanse.

Gouvènman peyi sa yo bezwen fè plis efò toujou, tandiske peyi rich yo ta dwe kontinye fè yo jwenn asistans ekonomik.

XS
SM
MD
LG