Accessibility links

Breaking News

Senatè Ameriken Lindsay Graham Teste Pozitif pou KOVID-19 Menm Apre Li Te Pran Vaksen kont Maladi a 


Lindsay Graham (R-Kawolin di Sid) deklare, lendi 2 dawout 2021 an, li teste pozitif pou kowonaviris.
Lindsay Graham (R-Kawolin di Sid) deklare, lendi 2 dawout 2021 an, li teste pozitif pou kowonaviris.

Senatè Graham, ki genyen 66 an, pibliye yon deklarasyon kote li fè konnen li te kòmanse santi sentòm yon grip nan sware samdi 31 jiyè a e li te tann lendi maten pou l al wè doktè.

Ozetazini, senatè repibliken Eta Kowolin di Sid la, Lindsay Graham, fèk kòmanse yon peryòd mizankarantèn pèsonèl 10 jou apre li fin teste pozitif pou kowonaviris. Misye Graham se premye senatè ki revele li trape viris KOVID-19 la aprè li te fin pran vaksen kont pandemi an. Vrèmanvre, nan jounen lendi 2 out la, senatè a, ki genyen 66 an, pibliye yon deklarasyon kote li fè konnen li te kòmanse santi sentòm yon grip nan sware samdi 31 jiyè a e li te tann lendi maten pou l al wè doktè.

Misye Graham te pran vaksen kont KOVID-19 la depi nan mwa desanm 2020 an. Li trape enfeksyon an imedyatman aprè Sant Ameriken pou Kontwòl ak Prevansyon Maladi a (CDC) te lanse yon mesaj dijans kote li mande menm moun ki vaksinen deja yo rekòmanse mete mask nan figi yo menm anndan yon batiman lè yo twouve yo nan yon zòn kote, daprè otorite lasante yo, to transmisyon maladi a elve anpil. DCD te mande pou piblik la pran prekosyon sa a nan moman nouvèl yo pa sispann pale de yon gwo ogmantasyon nan kantite moun ki trape varyan Delta a.

CDC Mande Piblik Amerikenn an Rekòmanse Obsève Jè​s Baryè yo

Toujou Ozetazini, kantite moun ki al kouche lopital avèk malad KOVID-19 la ap ogmante seryezman nan pati sid peyi a kote kèk eta anrejistre yon chif rekò nan kantite nouvo malad ki entène lopital nan moman peyi a ap konfwonte yon gwo vag enfeksyon ak varyan Delta a. Se konsa, pa egzanp, nan eta Lwizyàn, Florid ak Arkansò rapòte yon nouvo ogmantasyon nan ospitalizasyon yo nan moman varyan Delta a kontinye domine aktyalite a.

Devan yon sitiyasyon konsa, kowòdinatè politik La Mezon Blanch pou jere pandemi kowonaviris la, Jeff Zients -ki t ap abòde dosye a ak laprès vandredi 30 jiyè a- fè konnen kantite nouvo ka KOVID yo ap ogmante nan rejyon peyi a kote to vaksinasyon an ba anpil. Li ajoute ke, an menm tan, kantite mwayèn moun ki vaksinen yo kòmanse ogmante.

Jeffrey Zients, responsab kowòdinasyon estrateji La Mezon Blanch pou konbat pandemi KOVID-19 la.
Jeffrey Zients, responsab kowòdinasyon estrateji La Mezon Blanch pou konbat pandemi KOVID-19 la.

“Nan 7 dènye jou yo sèlman, 3 milyon ameriken pran premye doz vaksen yo -se pi gwo kantite moun ki fè sa pandan yon grenn semèn depi 4 jiyè pase a. Epi, rive jounen jodi a, nou atenn chif 70% moun majè ki pran omwens yon doz vaksen an; pami yo gen 90% ti granmoun ki resevwa omwen yon dòz. Chif sa yo montre aklè ke peyi a fè yon gwo kokenn pwogrè nan lit kont viris la. Epi li trèzenpòtan pou n atire atansyon sou le fèt ke, nan eta ki genyen pi gwo to nouvo enfeksyon yo, kantite moun ki pran vaksen an chak jou double depi dat 4 jiyè a.”

Youn nan fason pou konbat pwopagasyon maladi KOVID-19 la se pote kachne.
Youn nan fason pou konbat pwopagasyon maladi KOVID-19 la se pote kachne.

Nouvèl yo fè konnen youn nan konsekans ogmantasyon nouvo ka enfeksyon yo se yon gwo ogmantasyon tou nan kantite moun k ap pran vaksen an. Yon lòt konsekans se desizyon otorite politik yo pran -ni nan nivo Eta yo, ni nan nivo lokalite yo- pou yo mande sitiywayen yo pote kachne nan lye ke pibik la ap frekante (tankou restoran ak otèl) nan rejyon peyi a kote to enfeksyon yo ogmante, mete sou desizyon patwon yo pran, nan nivo prive kou nivo piblik, pou yo oblije anplwaye yo pran vaksen an kòm kondisyon pou yo prezante sou lye travay yo.

XS
SM
MD
LG