Accessibility links

Breaking News

Gouvènman Kiben an Gen Pou l Revoke 500 Mil Anplwaye


Prensipal sendika travay nan peyi Kiba anonse leta gen pou l revoke disi mwa mas 2011 la plis pase 500 mil anplwaye nan sektè piblik la.

Konfederasyon travayè kiben an presize peyi a pa kapab ou byen pa ta dwe kontinye sipòte kèk biznis, sèvis ak kèk konpayi ki sou pewòl li.

Nan yon deklarasyon ki soti nan medya leta yo, sendika a di Kiba ap chanje strikti travay la ak system salarayal la e l ap ogmante lòt opòtinite pou gen plis djòb nan sektè prive a .

XS
SM
MD
LG