Accessibility links

Breaking News

Gouvènman Kadhafi a te Chache Achte Zam nan Lachin Pou Bloke Pwogrè Opozisyon an


Gouvènman Kadhafi a te Chache Achte Zam nan Lachin Pou Bloke Pwogrè Opozisyon an
Gouvènman Kadhafi a te Chache Achte Zam nan Lachin Pou Bloke Pwogrè Opozisyon an

Otorite chinwa yo fè konnen kèk pwòch kolaboratè kolonèl Mohammar Kadhafi te rankontre avèk fabrikan zam chinwa nan mwa jiyè pase a pou yo te achte zam sofistike yo te vle itilize kont fòs opozisyon an ki t ap avanse sou Tripoli.

Pòtpawòl ministè afè etranjè chiwna a, Jiang Yu --ki t ap abòde dosye a dimanch 4 septanm 2011 la- fè konnen rankont yo te dewoule san konesans gouvènman chinwa a e konpayi zam yo pat vann pyès zam ak rejim Kadhafi a.

Premye moun ki te pale piblikman de rankont sa yo, se repòtè yon jounal kanadyen ki te mansyone sa nan yon atik ki te parèt semèn pase a; repòtè a te jwenn nan yon poubèl nan Libi kèk dokiman ki te bay detay sou rankont yo.

XS
SM
MD
LG