Accessibility links

Breaking News

Gouvènè New York la, Andrew Cuomo, Di Lamezon Blanch Pral Ede l Gen Plis Mwayen pou Fè Tès KOVID 19


Yon rankont ant Donald Trump ki te bò kote l Vis prezidan Mike Pence ak Gouvènè Eta New York la, Andrew Cuomo ki li menm te adistans depi New York.
Yon rankont ant Donald Trump ki te bò kote l Vis prezidan Mike Pence ak Gouvènè Eta New York la, Andrew Cuomo ki li menm te adistans depi New York.

Gouvènè New York la, Andrew Cuomo, fè konnen La Mezon Blanch pwomèt pou l ede eta l la double kapasite li genyen pou l fè test pou kowonaviris. Misye Cuomo rankontre ak Prezidan Donald Trump nan La Mezon Blanch nan jounen madi 21 avril la. Eta New York reprezante prensipal sant maladi a e gouvènè Cuomo se youn nan pi gwo kritik Prezidan Trump genyen pou fason l ap jere kriz la. Nan rankont ki dewoule madi a, 2 zò m yo mete mezantant yo sou kote; se premye fwa youn te twouve l an fas lot la depi pandemi an te eklate.

Misye Cuomo, ki pale avèk laprès de fas-a-fas la apre l te retounen nan kapital Eta New York la, vil Albany, fè konnen chita-tande a te efikas e pwodiktif. Li ajoute –nap site::: <<La Mezon Blanch pran angajman pou l fè tout efò posib pou l ede New York double kantite test kap fèt nan eta a, yon kantite k ap sòti nan 20 mil pa jou pou monte rive 40 mil pa jou; ogmantasyon sa a pral pran plizyè semèn.>> fen sitasyon.

Andrew Cuomo ak plizyè lòt gouvènè ameriken rete kwè ke yon aplikasyon serye konsèy espesyalis yo, mete sou kantite test ki nesesè pou detekte moun ki trape maladi kowonaviris la, se prensipal kle pou tout desizyon pou otorite yo relache lòd ki mande pou moun rete lakay yo a, e pou pèmèt biznis yo rekòmanse opere, pou pèmèt yo relouvri pòt yo nan peyi a, e NON PA politik oubyen presyon lari a.

New York se eta ameriken ki subi plis dega anba pandemi kowonaviris la. Rive nan fen jounen madi 21 avril la, responsab lasante yo te anrejistre plis pase 250 mil ka enfeksyon. Sepandan, kantite moun ki mouri yo bese pou yon 2èm jou youn apre lòt, kote chif la desann nan yon nivo ki pi ba pase 500 mò pa jou.

XS
SM
MD
LG