Accessibility links

Breaking News

PrezidanTrump Ankouraje Gouvènè yo pou Yo Relouvri Ekonomi Eta yo


Prezidan Donald Trump ki t ap patisipe nan yon pwendprès sou kowonaviris nan Jaden Woz Mezon Blanch la nan Washington, lendi 27 avril 2020. Enskripsyon sou mi an di: "Relouvri Lèzetazini ankò..." (Foto: REUTERS/Carlos Barria).
Prezidan Donald Trump ki t ap patisipe nan yon pwendprès sou kowonaviris nan Jaden Woz Mezon Blanch la nan Washington, lendi 27 avril 2020. Enskripsyon sou mi an di: "Relouvri Lèzetazini ankò..." (Foto: REUTERS/Carlos Barria).

NanWashington Prezidan Donald Trump fè konnen otorite yo nan 50 eta yo ta dwe anvizaje seryezman posiblite pou yo relouvri lekòl piblik yo anvan fen ane akademik la menmsi gen plizyè douzèn nan lekòl sa yo ki di elèv yo ak etidyan yo pa t ap gen sekirite si yo retounen lekòl anvan sezon ete a oubyen menm anvan sezon otòn nan. Prezidan Trump fè deklarasyon sa a nan jounen lendi 27 avril la pandan li t ap pale nan yon konferans video avèk gouvènè yo -konferans kote yo t ap diskite, antwòt, sou mwayen pou gouvènè yo relouvri ekonomi eta yo.

Lidè ameriken an di gouvènè yo: “Kèk nan nou ta dwe kòmanse panse ak re-ouvèti lekòl yo, paske gen anpil moun ki ta renmen wè lekòl yo ouvè ankò. Se pa t ap tèlman yon bagay difisil paske jiskela timoun yo byen travèse peryòd dezas sa a ke nou tout ap travèse a…” Pandan Misye Trump t ap adrese l ak Vis Prezidan Mike Pence, ki te prezan nan konferans video a, li ajoute: “Se yon ide yo ta dwe konsidere seryezman.” Okenn nan gouvènè ki t ap patisipe nan video-konferans la pa t reponn prezidan an, daprè yon anrejistreman ajans nouvèl Associated Press resevwa.

Prezidan Trump fè deklarasyon sa yo nan moman Sant Ameriken pou Kontwòl ak Prevansyon Maladi a (CDC) t ap travay pou l mete dènye touch nan yon nouvo mach-a-swiv pou gouvènman federal la relouvri ekonomi an. Pou sa ki konsènen lekòl yo, nouvo konsiyn yo mande pou responsab yo kite yon distans 6 pye (ou 1 mèt 80) ant chèz 2 elèv/2 etidyan; se pou yo sèvi manje nan sal de klas yo olye yo kite elèv o/etidyan yo ale chache manje nan kafeterya; epi se pou yo kontinye fèmen teren rekreyasyon yo.

Divès sektè Ozetazini konsidere re-ouvèti lekòl yo kòm yon eleman-kle nan re-ouvèti ekonomi nasyonal la; paske, si anpil paran elèv ou etidyan pa garanti pitit yo prale yon kote ki gen sekirite, sa ka fè l trè difisil pou yo retounen nan travay.

XS
SM
MD
LG