Accessibility links

Breaking News

Gouvènè Oklahoma a Siyen yon Lwa Ki Rann Avòtman Ilegal


Minis Jistis Oklahoma John O'Connor pale pandan yon seremoni pou siyen yon lwa ki rann avotman ilegal, Madi 12 Avril 2022.
Minis Jistis Oklahoma John O'Connor pale pandan yon seremoni pou siyen yon lwa ki rann avotman ilegal, Madi 12 Avril 2022.

Nan Eta Oklahoma, Gouvènè Kevin Stitt siyen madi a yon lejislasyon ki tounen lwa e ki kondane avòtman kòm yon gwo krim avèk yon pèn jiska 10 zan prizon. Lwa sa a antre nan kad gwo efò k ap fèt nan eta peyi a ki anba kontwòl Repibliken yo pou diminye dwa pou moun fè avòtman.

Lwa a –ki pral antre an aplikasyon 90 jou apre palman Oklahoma a va ale an vakans mwa pwochen an- fè yon sèl eksepsyon: se si avòtman an kapab sove lavi fi ki ansent la. Militan k ap defann dwa moun pou yo fè dilatasyon, fè konnen pa dwe gen dout sou sa: lwa gouvènè repibliken an siyen an pral fè fas ak anpil defi nan tribinal.

Dapre nouvo lwa a, tout moun lajistis jwenn koupab dèske yo fè yon avòtman nan Eta Oklahoma, pral fè fas ak jiska 10 zan prizon e l ap peye yon amand 100 mil dola.

XS
SM
MD
LG